Rektè de facto Inivèsite Leta Ayiti (ILA) [UEH], Fritz Deshommes, pran lapawòl e voye salitasyon bay tout moun ki patisipe nan selebrasyon Jounen Lanng Matènèl 2025 la. Nan okazyon Jounen 21 fevriye a, li mete aksan sou eritaj ak enspirasyon Frankétienne, yon atis miltifasèt ki apèn pati kite nou, epi li remèsye l pou kontribisyon li nan literati ak kilti peyi Ayiti. Li felisite tou nouvo manm Konsèy Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), espesyalman nouvo Prezidan an, Madam Rosilia François Corneille, premye fanm ki okipe pòs sa a. N ap prezante diskou Rektè a nan totalite l, ak mizankontèks teyorik sou divès fòm kolonyalizasyon ki kanpe fas ak lanng epi kilti kreyòl la ann Ayiti.
Nan diskou li, Rektè a salye tout patnè AKA yo, reprezantan ministè, ak tout moun ki patisipe nan selebrasyon an. Li rekonèt enpòtans Frankétienne kòm yon modèl pou pèp ayisyen an, epi li remèsye l pou zèv li yo.
« N ap salye : Prezidan ak tout manm konsèy Administrasyon AKA a, Reprezantan Ministè Edikasyon Nasyonal, Reprezantan Ministè Kilti ak Kominikasyon, Reprezantan Sekreteri Leta Alfabetizasyon, Direktè Jeneral Jounal Bòn Nouvèl, Direktè Jeneral SAKS ak tout lòt patnè AKA yo. Bèl salitasyon pou tout kolèg Akademisyen, Sekretè Egzekitif ak tout kolaboratè l yo, N ap salye tout atis, tout zanmi, tout manm laprès ki vin pote kole ak nou maten an ! Bèl salitasyon pou tout moun alawonnbadè !
Alapapòt, yon mo espesyal pou potorik gason sa a, mapou sa, moniman sa a ki fenk travèse : ekriven, powèt, dramatij, atis pent, chantè, aktè teyat Frankétienne ki se yon modèl, yon referans, yon egzanp, yon enspirasyon pou nou tout k ap chache limyè nan konjonkti fè nwa sa a peyi d Ayiti plonje depi kèk tan…
N ap swete Frank yon bon travèse pandan n ap mande l pou l kontinye voye je sou nou. Mèsi Frank pou lavi w, pou zèv ou, pou moun ou te ye ak pou sa w reprezante pou nou. Mèsi anpil », se kèk pami mo rekonesans ak remèsiman Rektè a te eksprime.
Wòl lanng kreyòl ayisyen an nan sistèm jidisyè a
Nimewo en nan Inivèsite Leta Ayiti (ILA) sonje ak nostalji Selebrasyon Jounen Lanng Matènèl lane pase kote AKA ak UEH [ILA] te mete ansanm pou mete aksan sou wòl lanng kreyòl la nan sistèm lajistis la. Ane sa a, sitiyasyon peyi a vin pi difisil ak ensekirite, men li felisite AKA paske li kenbe angajman li pou kontinye batay la. Rektè a rekonèt difikilte AKA genyen pou l fonksyone nan kontèks sa a, men li ankouraje yo pou yo pa lage.
« N ap voye yon chay konpliman pou tout manm nouvo KAD la. Nan moman malouk peyi a ap viv la a, li pa fasil pou w jwenn sitwayen bòn volonte ki aksepte pran gwosè responsabilite sa a pou yon kòz ki si bèl men tou ki chaje ak difikilte. Yon konpliman espesyal pou Prezidan tou nèf nou an ki deja make listwa AKA a. Se premye fwa nou gen yon fi nan tèt enstitisyon nou an. Epi eksperyans nou fè ak kòlèg Rozilia Francois Corneille nan dènye lane sa yo kòm Vis Prezidan AKA montre nou li merite bèl pwomosyon sa a. Konpliman kòlèg Rosilia ! Anpil kouraj », se ak mo sila yo Ekonomis lan rapousuiv diskou l la.
« Konpliman tou pou tèt nou rive selebre Jounen Entènasyonal Lanng Matènèl la. Krab la pa gra se vre. Si n ap konpare l ak ane pase nou ka gen anpil regrè, anpil nostalji », dizon Mesye Deshommes.
« M sonje ane pase AKA te met ansanm ak UEH la [ILA] pou nou fete komsadwa dat sa a. Nou te fè evénman pendan tout yon mwa. Nou te gen yon tèm majè : “Lanng kreyòl nan lajistis”. Nou te rive mobilize plizyè gwo enstitisyon tankou EMA, OPC, elatriye. Nan UEH la, nou te rive rale Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik akote FLA ak Rektora a ki se moun kay. Fakilte Dwa te menm lanse yon Chè Etid ak Rechèch sou menm tèm lan : “Lanng kreyòl nan lajistis”. Nou te rive sanbilize anpil pwofesyonèl lajistis tankou jij, komisè, grefye, isye, notè ki te vin pote kole ak nou nan inisyativ sa a», se sa Rektè a soulinye.
Batay pou respekte lanng manman tout ayisyen
Mete sou sa, Mesye Deshommes soulinye enpòtans pou UEH ak AKA kontinye mennen batay pou lanng manman nou an. Li presize, malgre kriz peyi a ap travèse, nou pa dwe abandone lit pou valorizasyon kreyòl la. Li mande tout aktè yo pou yo rete mobilize epi kontinye travay pou avansman lanng ak kilti nou.
« Ane pase toujou, AKA ak UEH la te òganize yon Konkou Tradiksyon ak Deklamasyon an kreyòl Batistè peyi a ak diskou Papa Nasyon an, Jean-Jacques Dessalines, te fè nan premye janvye 1804. Anpil etidyan UEH la te patisipe nan konkou sa a », se sa Rektè a raple.
« Se tou sa n t ap selebre nan dat 29 fevriye 2024 nan okazyon kloti mwa Lanng Matènel ane pase. E se te nan dat sa a menm, nan moman nou te nan seremoni an, gwo deblozay pete nan tout peyi a. Depi lè sa a, nou rantre nan yon toubiyon katchouboumbe ki dire jis kounye a. Depi lè sa a, nou ka di peyi a fèmen, peyi a dekontwole, peyi a pa rekonèt tèt li », se sa otè a ajoute.
« Nan [ILA] UEH la menm, nou pa ka konte konbyen kou nou pran. Yo piye, vandalize rapyetè senk (5) fakilte. Lòt yo pa pi byen mache pase sa. Se tout peyi a k ap debat anba ensekirite, lamizè, enstabilite. Se tout peyi a ki p ap fonksyone.
` Se pou sa nou voye yon gwo kout chapo pou AKA, pou Kad la, pou Sekretarya Egzekitif la dèske nou rive make jou sa a kanmenm. Mesaj nou an klè : nou p ap bese lèzam. Nou p ap rete kanpe gade. Menmsi se ak zonng, n ap kontinye batay pou lanng nou, pou kilti nou, pou grandèt majè nou, pou peyi nou », se sa Mesye Deshommes afime.
Twa (3) pwopozisyon pou bay lanng Kreyòl la jarèt
Rektè a prezante twa (3) pwopozisyon pou amelyore fonksyónman AKA. Premye a se, òganize yon rankont chak ane ak twa (3) pouvwa Leta yo pou mete lanng kreyòl ayisyen an pi fon nan fonksyónman Administratif peyi a. Dezyèm pwopozisyon an se, revize kondisyon travay dirijan AKA yo, paske absans yon salè pou yo fè l pi difisil pou òganizasyon an fonksyone byen. Twazyèm pwopozisyon an se, pou AKA rantre nan batay pou reparasyon ak restitisyon lajan ranson endepandans Charles X, wa ak kolon peyi Lafrans te fòse Ayiti peye 150 milyon fran an nò anba siyati fòse Òdonans 17 avril 1825 la.
« Mwen ta renmen fè nou twa (3) pwopozisyon jounen jodi a :
1)- Lwa Akademi an prevwa yon rankont AKA ta dwe genyen ak twa (3) pouvwa Leta yo chak ane. Mwen ta sigjere nouvo Prezidan an ak nouvo Kad la fè dispozisyon sa a vin yon reyalite. Nou gen tèlman pawòl pou n pale ak Leta a : pawòl bidjè, pawòl resous pou n fonksyone, pawòl mezi ki pou pran pou lanng kreyòl la rantre pi fon nan fonksyónman administrasyon piblik la nan tout nivo, pawòl pou yo sispann jije sitwayen yo nan lanng yo pa konprann [fransè], anpil anpil pawòl. Nou gen pou n di Leta, e Leta ta dwe gen pou l di nou tou. L ap bon ni pou Leta, ni pou AKA e sitou ni pou popilasyon an.
2)- Dezyèm pwopozisyon m vle fè se sou fonksyónman entèn AKA. M ap mande tèt mwen si anpil nan pwoblèm AKA ap konfwonte pa sòti nan difikilte AKA genyen pou l rive gen dirijan a plen tan. Lè yon moun Prezidan, Vis Prezidan, Sekretè Jeneral AKA, ou blije gen yon lòt travay ki peye w pou w ka viv. Paske AKA pa ka peye w. Gen yon atik nan lwa AKA a ki di lè w se Akademisyen ou pa ka touche nan AKA. Mwen mande m eske nou pa gen yon entèpretasyon twò estrik sou atik sa a. Eske nou pa ta dwe wè l nan sans se pa tit oswa estati Akademisyen an ki ba w dwa gen yon salè. Men si w ap fè yon travay teknik oswa yon travay administratif ou ta gen dwa gen yon salè. Ou ta gen dwa gen yon tretman ki sanble ak tretman lòt Gran Komi Leta yo. Li t ap bon pou prestij, pou konsiderasyon ak pou efikasite AKA. Mwen mete kesyon sa a devan nou. M konnen l bezwen diskisyon, refleksyon, deba.
3)- Twazyèm pwopozisyon m nan konsène kesyon restitisyon ak reparasyon Komite Nasyonal Ayisyen pou Restitisyon ak Reparasyon UEH la ap mennen. Nou konnen ane 2025 sa a fè 200 lane depi wa Charles X, nan peyi Lafrans te voye bato lagè, ak gwo zam fannfwa nan rad Pòtoprens pou te fòse nou peye yon sòm lajan nou pa t genyen, swadizan pou yo te rekonèt endepandans nou, endependans sa a nou te fenk pran ak fòs ponyèt nou. tankou Prezidan Rosilia fenk raple nou: “Se pa kado blan te fè nou ; se san zansèt nou yo ki te koule”. Nou konnen tout kalite soufrans ak reta ranson sa a te lakòz Ayiti pandan tout listwa li jouk jounen jodi a. Nan okazyon 200 lane sa a, fòk gen yon pawòl ki di sou koze sa a. Se moman pou nou konnen ki jan ak ki mannyè y ap remèt nou lajan sa a ki vo jounen jodi a ant 21 a 115 milya dola ameriken. Nou ta envite AKA pote kole nan mouvman sa a ki pa depaman ak objektif AKA.
Rezistans pèp ayisyen an
Nan fen diskou a, Rektè a fini ak yon refleksyon sou rezistans pèp ayisyen an, menm jan ak wozo ki ka pliye men ki pa janm kase. Li voye ankourajman pou tout moun epi swete yo yon bon Jounen Lanng Matènèl.
« Pou n fini, nou p ap sispann raple Inivèsite Leta a ap toujou kontinye pote kole ak AKA nan tout inisyativ defans, pwomosyon, valorizasyon lanng manman nou an.
Tankou peyi d Ayiti, tankou pèp ayisyen : Nou balanse ; nou pa tonbe. Nou se wozo, nou ka pliye ; nou p ap kase. Se nan santiman sa a, n ap swete tout zanmi, tout kòlèg, tout moun alawonnbadè. “Yon bon jounen lanng matènèl” Mèsi anpil ! ».
Pou relanse deba epi aksyon sou rapò dominasyon langajye ann Ayiti
Pandan lanng ak kilti kreyòl la reprezante nanm tout ayisyen – epi li te sèvi prensipal mwayen kominikasyon ki te pèmèt rezistans moun esklavajize ki sitou te soti Lafrik ginen yo epi lanng sila rive depase lanng tout kouch sosyal – alòs, esklizyon sistèmik lanng ak kilti kreyòl ayisyen nan espas pouvwa ann Ayiti pa yon aksidan istorik, men pito, rezilta yon sistèm vyolans senbolik sistematik òganize. Menm jan Frantz Fanon te ekri an 1952 nan liv ki rele Peau noir masques blancs : "Pale yon lanng, se asepte yon mond, yon kilti". Lè aktè leta ak elit nan peyi a deside mete kreyòl la anba dominasyon pou l restavèk lanng fransè nan literati ak literasi (pwodiksyon tout kalte konpetans ki pa sèlman gen pou wè ni ak lekti-ekri, ni tande-pale, ni repwodui kontni ak aplike konpetans sou diferan fòm pou rive viv nan diferan kontèks ak sitiyasyon lavi kòm sadwa tankou sitwayen ki nan yon peyi kote tout moun pale epi konprann kreyòl), pwodiksyon ki ap fèt nan espas administrasyon, edikasyon ak pwodiksyon syantifik, piblikasyon ak tradiksyon nan domèn jistis, diplomasi ak teknoloji elatriye, èske aktè leta ak elit yo p ap swiv menm lojik kolonyal, kolonyalite, kreyolofobi ak dominasyon kont pèp ayisyen an ki poutan li menm toujou ap batay pou rive kase tout chenn esklavajizasyon ak kolonyalizasyon depi lè zansèt pèp sila te lanse nan tèt ansanm Revòlt avan 1791 ak sila ki te eklate nan mwa dawout 1791 yo ki te pral akouche Revolisyon 1804 la ?
Nan yon epòk kote teyorisyen dekolonyalizasyon ak dekolonyalite pouvwa ak konesans, konesans syantifik ak lenguistik soti sou travay ansanm otè tankou Aimé Césaire (Discours sur le colonialisme, 1950), Frantz Fanon (Peau noire, masques blancs, 1952 ; Les Damnés de la terre, 1962), Aníbal Quijano (Cuestiones y horizontes. De la dependencia histórico-estructural a la colonialidad/descolonialidad del poder, 2020), Enrique Dussel (1492- El encubrimiento del otro : (Hacia el origen del « mito de la modernidad »), 1992), Walter Mignolo (The Darker Side of the Renaissance: Literacy, Territoriality, Colonization, 1995) nan Valentin-Yves Mudimbe (The invention of Africa : Gnosis, Philosophy, and the Order of Knowledge, 1988) pase nan Gayatri Chakravorty Spivak (Can the Subaltern Speak ? : Reflections on the History of an Idea, 1985), Ngũgĩ wa Thiong’o (Décoloniser l'esprit, 1986) Gabriela Veronelli (Una América compuesta: The Coloniality of Language in the Americas and decolonial alternatives, 2012 ; Sobre la Colonialidad del Lenguaje, 2015a ; The Coloniality of Language: Race, Expressivity, Power and the Dark Side of Modernity, 2015b ; A Coalitional Approach to Theorizing Decolonial Communication, 2016 ; La colonialidad del lenguaje y el monolenguajear como práctica lingüística de racialización, 2019), Françoise Vergès (Décoloniser la langue française. Pour une politisation de la Francophonie, 2018), Walsh Catherine (Interculturalidad, Estado, Sociedad. Luchas (de) coloniales de nuestra época, 2009), Cécile Canut (Provincialiser la langue. Langage et colonialisme, 2021), Martineau Nelson, Michelet Michel ak Renauld Govain (Yon literasi an kreyòl an Ayiti: kle pou reyisit eskolè ak eliminasyon kreyolofobi a, 2022) k ap mande pou sosyete ki te sibi fado ak touman modènite-kolonyalis-kapitalis-rasis-segregasyonis-esklavajis-oksidantalosantre-monolenguis-ewosantris la kontinye aji pou demantle yerachi epistemik ki kontinye yo sou fòm kolonyalite ak kolonyalizasyon senbolik, lenguistik, kiltirèl ak sivilizasyonèl demounizan an.
Kounya, èske Ayisyen kapab kontinye brize chèn prejije ak estrikti dominasyon ki layite kont kilti kreyòl ayisyen li an? Èske elit ak aktè leta ap sispans ak privilèj yo ki chita sou divès fòm dominasyon ki soti nan kòtòf lestomak modènite kolonyal oksidantal la ki prèske fin pwopaje nan tout espas lavi espirityèl ak materyèl lavi ansyen esklavajize yo? Oubyen tou, ki modèl estriktirasyon ak òganizasyon pouvwa ki ka bati ak pèp la, nan enterè pèp la, ki chita sou dwa ak pratik lavi sitwayen ayisyen kòm baz lavi ak aksyon Leta nan sosyete a? Kouman lanse faz final batay kont esklavajizasyon ak kolonyalizasyon kiltirèl loksidantal la ki parèt sou fòm monolenguis ak opilans lanng fransè ak sivilizasyon oksidantal la ki sanse tounen yon zam dominasyon enteryè anba men elit ak Leta ki ann Ayiti a, e ki layite fòs fènwa nan tout espas pouvwa nan sosyete a aprè 221 lane endepandans ?
Otè :
Elmano Endara JOSEPH
elmanoendaraj@gmail.com