Leve Vwa Nou : Pou Yon Ayiti Renouvle

0

Jodi a se 17 oktòb. Nou salye memwa Jan Jak Desalin, ewo nasyon nou ki pa t sèlman sakrifye lavi li pou libere nou, men ki te montre nou fòs kouraj ak vizyon yon pèp ki pran desten l an men. Jounen sa a pa sèlman yon komemorasyon; li se yon moman refleksyon sou avni peyi nou, sou eritaj Desalin kite pou nou ak sou responsablite nou jodi a pou n kontinye batay li te kòmanse a.


Malgre sakrifis Desalin, Ayiti ap kontinye fè fas ak anpil pwoblèm. Anba enpak entèferans entènasyonal la ak desizyon egoyis kèk nan dirijan nou yo. Ayiti, premye nasyon nwa ki te pran endepandans li, ap soufri. Souverènte nou, diyite nou, ak richès kiltirèl nou yo souvan neglije.


Nan mitan kriz sa yo, jenerasyon 2000 la soufri anba yon chay pi lou toujou yon jenerasyon souvan dekri kòm pèdi, san direksyon, san valè. Men, nou pa ka aksepte karakterizasyon sila yo. Jenerasyon sa a se jenerasyon ki gen potansyèl pou brase chanjman, pou defye sa ki espere, ak pou chanje istwa a. Nou gen jèn ki angaje, ki konnen reyalite peyi a epi ki pare pou pran responsabilite pou chanjman.

Batay Desalin lan pa t sispann ak libète fizik; li te yon batay kont enjistis ak dominasyon enperyalis. Jodi a, batay sa a kontinye men li pa nesesèman avèk zam. Nou gen lòt zouti tankou pawòl nou, panse nou ak ideyoloji nou. Se nan langaj nou, nan refleksyon nou ak nan aksyon konkrè nou nou pral jwenn fòs pou rebati Ayiti. Fòs sa a pa nan destriksyon, men nan inovasyon, nan kreyativite, ak nan kapasite pou kreye yon Ayiti ki reflete rèv ewo nou yo, yon Ayiti ki respekte eritaj li ak diyite li.


Jounen jodi a se yon apèl pou nou tout fè yon angajman ansanm, pa sèlman pou onore pase nou, men pou bati yon lavni kote Ayiti ka reprann plas li kòm yon nasyon granmoun, yon nasyon ki gen lafwa nan posiblite li yo, ak kouraj pou konfwonte defi ki devan l yo.

Ayiti se nou tout, e lavni li chita nan men nou. Viv Ayiti! Viv tè granmoun! Viv tè diyite!


Par BRANCHEDOR. S. Shaina

Shayoovla@gmail.com

+509 48 11 4465



Tags

Enregistrer un commentaire

0Commentaires
Enregistrer un commentaire (0)