Fanm pa envante
anyen
Youn nan bagay ki ranfòse seksis ant fanm ak gason se eka ki genyen ant akonplisman chak sèks yo.
Sosyete a bay anpil enpòtans ak envansyon. Se toutafè nòmal, e se sa ki mennen
nou nan pwogrè nou ye jodi a. E nou souvan wè se gason yo ki envante anpil
bagay, ki pote anpil chanjman, ki pase pou ewo.
Nou toujou mande kote fanm yo nan tout bagay sa yo.
Nou souvan mande èske se paske yo pa kalifye pou sa? Wi e non.
M ap bay repons sa yo pi ba.
Pandan
m t ap ekri tèks sa a m te chita nan salamanje a m t ap gad manman m ki ap kwit
manje pou nou. Pandan l t ap tann yon dlo bouyi, li te apiye tèt li nan yon mi,
li t ap reflechi. Menm kote a, mwen te vin ap fè yon pakèt kalkil ki te pouse
m ekri tèks sila. M t ap mande tèt mwen : « e si manman m
te gen lòt rèv ke manman pitit »? Konbyen rèv li sakrifye pou mwen ak frè
ak sè m yo? E
si se enjenyè li te vle tounen? E si se majistra? E si se te jwè foutbòl? (Dayè
li te konn jwe boul lè l te jèn demwazèl). Kiyès manman m ye aprè sa? E si l p
at sèlman vle manman pitit? E lè timoun li yo ale, li pa gen pèson pou l okipe,
kisa k ap rete pou li? Tout pil refleksyon sa yo rive
fè dlo koule nan je m.
Enben pi gwo rezon ki esplike eka sa m te koumanse pale de li nan atik sila a
se alokasyon tan tou de sèks yo. Nòm ak prensip yo etabli sèlman de jan nan
sosyete a, jan maskilen ak jan feminen. E genyen yon wòl ak travay presi pou
chak jan sa yo. Sa k fè mwen pale konsa a, se paske gen yon diferans ant
sèks ak jan. Sèks se sa moun nan genyen natirèlman lè li fèt la. Jan an se sa sosyete a asosye a moun sa a paske li gen
tèl tip sèks. Jan an se tout yon konstriksyon ki bay gason plis libète ak
opòtinite. Epi kontrenn fanm rete nan kay pou yo ‘’okipe mari yo ak pitit yo’’.
Sa ki lakoz ke repatisyon tan an ant ‘’jan’’ yo gen fòskote.
Konstriksyon sila a tèlman byen tabli kò l, sa fè nou konfonn sèks ak jan. E l ap difisil pou nou, pou n imajine yon sosyete ki
pa gen jan. Kote ni moun ki gen sèks maskilen ni moun ki gen sèks feminen fè
nenpòt sa yo vle (san yo pa pran pye sou libète lòt moun !)
Tan
nan travay nan kay : kòman vòl sa a òganize?
Depi lè tifi a piti, yo mete presyon sou li pou l fè travay nan kay, yo aprann li fè manje, bale, pase mòp epi pran swen lòt moun. Pandan tan sa a ti gason an pa genyen tout responsablite sa yo. Yo gen plis tan pou yo jwe, pou yo etidye, pou yo vini kreyatif ak envantif. Lè tifi a vini pi gran, li gen pou l okipe kay fanmi l, pandan ti gason an souvan pa nan kòve sa yo, sa ki ka pèmèt li jwenn plis opòtinite pou l devlope yon aktivite e brase lajan. Lè jèn fi a marye, li vin gen yon lòt fòm presyon pou li okipe fwaye l nan sans pran swen timoun, pran swen kay, pran swen mari l, tandiske gason an genyen responsabilite travay pote lajan nan kay la. Fanm nan ka toujou gen yon travay tou wi, men fanmi l dwe pase an premye. Gen gason ki menm di yo pa vle madanm yo al travay, yo ta pito fè 2 travay pou fi a ka rete nan kay okipe pitit yo, paske yo pa vle lòt moun leve pitit yo.
Nan sans sa a gason yo gen plis aksè pou yo travay, jwenn fòmasyon nan kad travay yo, jwenn pi bon opòtinite, patisipe nan plis evenman ki ap pèmèt yo bati rezo, epanouyi sosyalman oswa nan kad travay yo. Sa ki vin fè gason pi fasil pou akonpli oswa envante yon bagay, oubyen vini yon moun ki kontribye nan pwogrè lemond.
Sistèm sa a ki fèt pou
avantaj pa yo a li rele ‘’Patriyaka’’. E ladan l, lè moun sosyete a di ki fè
pati jan feminen an chèche opòtinite sa yo, sa ka lakoz yo asele yo anpil,
jiskaske yo bay vag. Sistèm nan taye pou medam yo pa vin lòt bagay ke manman pitit.
E se sèl lè moun sa yo akonpli desten yo (bon madanm ak bon manman pitit) yo
glorifye yo.
Presyon sosyal la ak seksis la tèlman fò, sa fè anpil fanm sakrifye rèv yo pou
yo rete nan kay. Non sèlman depi piti yo kondisyone yo pou yo konnen se sa ki
pi gwo akonplisman yo, men presyon sosyal yo tou fè menm si yo te vle vini yon
lòt moun yo oblije bay vag poutèt fwaye yo.
Gen yon epòk manman m te malad, se mwen ki te oblije okipe kay la nan leve bonè
pou voye tisè m nan lekòl, nan fè manje pou kay la, okipe manman m. Lè sa a m
te met kèk pwojè m sou poz, gen lòt menm m te vin pase mwens tan ladan yo. Mwen
te vin p at ka al vake a okipasyon m e anpil fwa nan aprèmidi tout sa ki te nan
tèt mwen se repoze m.
Byen rapid, m te vin santi m nan prizon, m santi m bloke. Sa
vin lage m nan yon depresyon ki te lakoz m te chanje ak moun lakay mwen. M te vin malelve.
Tanzantan m anvi pete kriye e gen de lè m fè l an kachèt. Tout lòt moun te
kontinye regle afè yo nòmalman. Men piske se te mwen ki te fanm, se te travay
pa m pou m te fè sakrifis sa yo. E kote pyèj la fèmen nèt sou fanm yo se lè se
fwaye yo, moun ki plis konte pou yo y ap okipe. La a presyon obligasyon mele ak
santiman lanmou fè yo pa gen pyès pòt soti. E piske sosyete a plis fasilite
gason yo, pa gen yon sistèm, yon estrikti pou pran swen timoun ak fwaye nan
plas medam yo si yo ta vle itilize tan yo nan yon karyè oswa aktivite yo
renmen. Se travay fanm sa ye, sa ap rete travay fanm. Sa pa gade yo.
Èske fanm pa gen konpetans pou yo envante? Wi e non.
Wi, tout moun gen konpetans pou yo envante, pou yo travay e travay di. Sèvo
moun yo pa gen diferans nan kreyativite, aprantisay, panse ak rezone. Kidonk
moun ak sèks feminen ak moun ak sèks maskilen genyen menm konpetans pou
envante.
Non, fanm pa envante (menm si se pa yon ka jeneral) paske yo pa jwenn edikasyon pou fasilite yo sa, yo pa jwenn tan ki pou fasilite yo sa, yo pa jwenn opòtinite ki pou fasilite yo sa. Anpil avantaj yo te ka jwenn se sa sistèm nan defini ki pou fè l yon bon manman, yon bon madanm.
Men malgre baryè
sosyete a mete, gen fanm ki rive envante e kontribye nan pwogrè teknoloji. Nou
gen pa egzanp, Stephanie Kwolek ki envante “kevlar”, yon fil ki 5 fwa pi
rezistan ke asye; Mária Telkes, ki se yon pyonyè nan kesyon enèji ki mache ak
solèy epi li envante premye sistèm pou chofe kay ak enèji ki mache ak solèy;
Ada Lovelace ke yo konsidere kòm premye pwogramè nan kesyon enfòmatik epi Marie
Curie ki te dekouvri radyòm ak polonyòm.
Gen anpil lòt fanm ki
envante, men yo pito bay kòlèg gason ke medam sa yo te genyen tout merit la
pito. Paske gen yon mepri pou travay fanm. J.K. Rolling, madam ki ekri saga
‘’Harry Potter’’ a te prefere itilize inisyal li pito ke non konplè l pou yo te
ka pa meprize travay li yo antanke travay fanm.
Li
pa fè bèl pou yon mwatye nan sosyete a gen aksè ak eleman bazik yon moun sipoze
genyen (edikasyon, libète ak opòtinite pou l akonpli tèt li) tandiske lòt
mwatye a pa gen aksè ak menm eleman sa yo. Li pa nòmal pou depi lè envansyon,
pwogrè, transfòmasyon ap fèt pou nou poko transfòme sosyete a nan sans sa a.
Pwogrè p ap janm gen sans si gen yon kategori moun ki ap sibi yon presyon ki
retire nan libète yo, ki anpeche yo kontribye nan mond lan nan yon fason ke yo
chwazi pito.
Manman m te ka yon bèl grenn powèt
ayisyen. Langaj kri li anplwaye lè l ap pale raple m powèm “Jeudi Inema” yo.
Konbyen lòt fanm ki te anvi vin yon lòt moun men ki abandone rèv yo? Ayiti pa
gen estatistik men m anvi di 80% oswa plis.
An nou kòmanse mete men pou nou tabli
ekilib la. Se ekilib ki fè
Linivè fonksyone.
Cahreen CANTAVE
Aktivis Feminis
Good Cahr
RépondreSupprimer