Sosyete:// Gresye, yon teritwa pèdi anplis

0

 

Gresye, yon teritwa pèdi anplis

Pale de komin Gresye menm jan ak anpil lòt nan peyi an, se pale de yon avan ak yon kounye a. Gen yon avan peryòd ensekirite jeneralize an ak pandan peryòd la. Nan sans sa  prezantasyon sa nou ap fè sou komin lan ap nan yon premye tan konsène jan li te konn fonksyone avan dejeneresans sitiyasyon sekirite a,  apre li ap chita sou fonksyònman aktyèl li.

 


Gresye se yon komin nan rejyon palm lan, ki trouve li nan mitan Kafou ak Leyogàn. Li gen yon sipèfisi 102,69 km2 ak 3 seksyon kominal ki se: Mòn Bato, Mòn Chandèl ak Tiboukan. Se yon vil kotye, ki pa gen anpil anpil moun k ap viv landan l. Denyè fwa enstiti Ayisyen Statistik ak Enfòmatik ( IHSI) bay chif sou kantite moun k ap viv nan komin lan, li te estime abitan yo a 33 152. Avèk evolisyon sitiyasyon an nan komin lan chif yo ki vrèman vin varye.

Anndan komin Gresye gen  divès enstitisyon piblik ki chita kò yo nan mitan sant vil la, youn pa lwen lòt ; biro  Direksyon Jeneral Enpo ( DGI),  Ofis Nasyonal Idantifikasyon ( ONI), Ofisye Leta Sivil, Tribinal Lapè, elatriye. Nan prive komin lan pa twò rich. Li gen yon sèl bank komèsyal, ki se Bank Linyon Ayisyen ( BUH), avèk yon gwo kès popilè, MAMEV ( Men ale Men vini) ki pral gen li menm preske gen 30 ane nan komin lan. Se yon asosiyasyon ki bay moun nan kominote a posibilite pou  prete lajan avèk li ofri kèk sèvis bankè.  Pou sèvis sante, gen plizyè sant ki bay swen ak plizyè klinik prive. Men komin lan pa vrèman gen yon lopital ki respekte tout nòm yo.


Nan sa ki konsène edikasyon, anndan komin lan gen yon latriye lekòl prive ak piblik. Pami lekòl piblik yo gen, yon lise : Lise nasyonal Gresye. Pa gen inivèsite pou bachelye yo frekante apre bakaloreya, sa ki lakoz yo oblije mete tèt Pòtoprens pou yo al fè etid siperyè.  Genyen kèk lekòl profesyonèl ak lekòl nòmal ki ap pran manm, men pa gen lekòl enfimyè.  Se sitou Leyogàn jenn fi ak jenn gason yo ale pou aprann sa ki gen rapò ak zafè medikal, tankou syans enfimyè oubyen teknoloji medikal.   


Pou aktivite spòtiv gen yon ti pak: pak Sen Jan,  ki pou resevwa match foutbòl. Epi konn gen chanpyona foutbol entèskolè ki òganize chak ane.  Pa gen okenn strikti ki ka pèmèt jenn gresyewa evolye nan plizyè lòt kategori espò ki pa foutbòl.

Lanmè se yon gwo richès natirèl moun yo eksplwate anpil, yo fè anpil plaj ak otèl.  Sa ki konn atire anpil moun nan komin lan,  sitou nan mwa me ak lè vakans.  Pami plaj sa yo nou jwenn plaj Le lambi night club, ki se plaj mitik  zòn lan. Menm zòn Lanbi sa fè repitasyon ak pil machann griyo bò lari a. Anpil machin prive  kou pwovens toujou kanpe bò lari a pou pran ti tan savoure ti pati sa nan gastronomi peyi an. Ajoute sou Le Lambi Night Club ak griyo yo, Lanbi repite pou kay Gwo Manman kote anpil jenn ak granmoun gason konn al achte plezi seksyèl nan men yon seri medam bò lanmè a. Lanmè an ki pèmèt tou kèk abitan itilize lapèch pou yo siviv.


Anpil jounen lanmè te konn òganize kote Moun konn soti nan divès zòn nan peyi an vin yaya kò yo nan komin nan. Yon pratik ki preske pa egziste depi kèk lane lakoz plizyè wout nasyonal se bandi ki gen kontwòl yo, prensipalman wout nasyonal #2 ki pase nan zòn lan. Depi kèk tan se sèlman moun nan environnman  plaj yo osnon ki pa soti twò lwen ki frekante yo.  

Yon komin ki ap eseye evolye malgre sitiyasyon difisil peyi a, sitou avèk anpil moun ki migre nan komin lan.  Anpil abitan nan komin Gresye, se moun ki kite lòt zòn nan komin tankou Pòtoprens, menm jan Jhonley LOUIS yon jenn anseyan ki kite Pòtoprens depi 2014 ak fanmi li pou vin rete nan kay yo te konstwi nan komin lan. Nan 10 lane li pase nan komin lan eksplike gen anpil bagay ki chanje anpil nan denyè ane sa yo. Li eksplike  te konn gen aktivite jeni entèskolè ki  kanpe depi 2020.


Kantite moun sa yo ki vin ap konstwi san okenn nòm , vin transfòme yon bon pati nan komin nan an bidonvil. Gresye vin tankou yon opòtinite pou moun ki bezwen kite lwaye, ak moun ki ap kouri pou bandi nan lòt komin ki nan anvironnman Pòtoprens yo.

Moun yo te lage kò yo nan zòn lan sitou pou fasilite li bay pou moun lan vin popyetè ak kalm li te ofri. Jeneralman gen yon seri de zak ki pat konn repete souvan anndan komin lan, malgre fèb prezans polisye ki genyen an.  Yon sitiyasyon ki kòmanse chanje depi kèk tan.  Vin kòmanse gen anpil vòl ki ap fèt nan komin lan e anpil zak asasina sitou pa bal. Anplis toujou, vin gen gwoup jenn gason ki gen zam san okenn baz legal,  ki bay tèt yo dwa bat, touye nenpòt lè, nenpòt ki kote yon  moun sou baz li se yon menas pou sekirite zòn lan ( swa moun nan se vòlè oubyen li afilye ak yon gwoup gang). Kidonk depi lè sa yo moun gentan kòmanse paka sikile san okenn kè sote andan komin nan.


 Men sitiyasyon sekirite an pral dejenere nan mwa novanm 2023 lè bandi rive tabli kò yo nan Maryani, pòt antre komin lan. 6 mwa apre, yo mete an egzekisyon pil menas yo te bay abitan nan rès komin lan. Nan lanuit 10 pou louvri 11 me 2024 la,  yo atake   nan zòn koulonbye.   Nan yon premye tan yo rive pran kontwòl komisarya, men lapolis ta pral  reprann kontwòl lan apresa. Pou yon lòt fwa yon frontyè trase nan komin lan. Soti Maryani pou rive koulonbye sou kontwòl bandi, se soti  nan pati bò mache prensipal la ( mache Gresye) nan sant vil la pou rive nan limit komin lan ak Leyogàn,  ki sou kontwòl otorite Legal yo.   

Envazyon bandi yo nan zòn lan gen anpil vye konsekans sou gresyewa yo ak aktivite yo.  Bandi yo  fòse chak machin k ap pase peye yo frè pasaj, komèt anpil zak asasina, kidnaping ak vòl nan zòn yo kontwòle yo. Gen moun ki rive pèdi tout sa yo te posede, menm jan ak Sonson, ki te aktivite ansèyman ak bisnis, ki te abite nan zòn  Koulonbye 11,  te oblije deplase ak tout fanmi l, e li pral aprann yo piye mezi sa yo te posede nan kay la.


Nan tout zòn ki pèdi yo, lekòl nan zòn nan tou fèmen. Anplis,  depi apre vandredi 10 me a tout lekòl sanse fèmen. Se kèk grenn lekòl ki ap eseye fonksyone pou elèv ki pral na egzamen ofisyèl yo, yon mwa apre nan zòn lakolin.

Soti Maryani pou rive Koulonbye zòn yo pratikman dezètik, sèl bandi yo ki chita bò lari ap fè pòs. Abitan zòn sa yo bay li blanch. Moun ki ap viv jounen jodi an anndan Gresye se sa ki reziyen yo viv bò kote zèfèyis yo oubyen sa ki kontinye viv nan laperèz si yo pa p rive sou yo, pandan yo ap tann kisa otorite ki responsab sekirite popilasyon an ap di pou yo.


Gresye te gen yon  avan ki petèt pat ekstraodinè men kote moun te ka mennen aktivite lavi yo san gwo tèt chaje. Jounen jodi an se yon prezan ki tankou yon kochma. Nan yon bat je tout bagay baskile nan Gresye. Plizyè santèn fanmi pèdi tout sa yo te podese, nan yon zòn deja ki te bezwen plis envestisman ak estrikti.  Jou kontinye ap pase e popilasyon an ap tann si otorite yo ap kite tout teritwa pèdi oubyen si yo ap pèmèt lavi reprann jan sa te ye avan. Pandan tan sa Gresyewa yo pa gen lòt chwa se nouri lespwa pou yo reprann yon vi nòmal  nan komin lan.

 

Vanessa LOUIS JEAN

Etidyan nan Relasyon Entènasyonal

Anseyan

Aktivis Literè

Tags

Enregistrer un commentaire

0Commentaires
Enregistrer un commentaire (0)